Ayiti-deblozay:LET PIBLIK A EDMOND JEAN BAPTISTE


Pòtoprens, jou ki 03 fevrye 2018.... Israel Jacky Cantave

LET PIBLIK A EDMOND JEAN BAPTISTE
Edmond frèranm,
M ta renmen ekriw nan lòt sikonstans, men malerezman nou pafè sikonstans yo se sak fè mwen ekriw nan moman sa.
Nou pa fè sikonstans yo men nou fè moun yo.
An 2010 apre tanbleman detè a, mwen te anko nan ri chavan nan, atè a, anba tant lan
E m te wèw kap vini, kap grandi nan fanmi karayib la. Jiskaske ou vin saw ye jodya, yon animatè ki kanpe tèt pou tèt ak yon ansyen prezidan ki pèdi wòl li.
Edmond, banm rakontew yon ti istwa ; an 2011 nan 2e tou eleksyon ki te mete bab pou bab Mirlande Manigat ak Michel Martelly, radyo karayib te chwazi kan pal, sete Madan Manigat. Nan jounal 19/20 kem te prezante, yo te anpechem pase meeting Michel Martelly.
Toro te dim « c’est à prendre ou à laisser » Nan yon sousi ekilib jan metye a mande sa, m pat dakò, ou konn sam te fè ? M te laisser
2e tou eleksyon yo fèt, Michel Martelly prezidan, mwen tounen 3 mwa apre. Sim te kite paske yo pat bay Martelly pale, jodya tou map mandew kite paske yo bay Martelly posibilite poul jourew.
Lè wap travay nan yon enstitisyon li dwew solidarite. Enstitisyon sa Carlot Sainristil, Trezil Jean Samuel, Arthus Webbert, Israel Jacky Cantave, Yvenert F. Joseph, Mombrun Junior ak anpil lòt te batay pou konstwi a, tap kanpe avèw pandan entèvyou a, se pa ou menm ki tap oblije kite stidyo a, se Michel Martelly ki tap ale.
Jou ale, jou vini, tan yo chanje. Men Edmond frèranm, lajan pa ka achte tout bagay. Mwen mandew kite, fè sa Jean Monard pat gen kouraj fè a, kite pouw ka rekòmanse.
Siman ou gen dwa ap di kounyea: “Sim kite kiyès kap bay Edgard manje, kap peye lekòl li? Diyitew ap gidew, wap rive
Se tris pou radio pam nan tounen yon gran boulva kote kòripsyon ap naje, kote radyoman ap ranmase lajan san gade, yo pa menm bay yon dènye okazyon pou moun ta fè yon entèseksyon ant lajistis ak yo.
Ki moun yo ye?

Israel Jacky CANTAVE

Commentaires